Gen kèk moun viktim vyolans domestik min ki pa janm konsidere tèt yo kòm viktim abi paske yo pa fizikman abize epi genyen ki pap janm montre ke yo ap abize minm ke yap pran baton oubyen soufri abi vèbal, seksyèl, finansye ak / oswa emosyonèl.
KÒMANSE YON KONVÈSASYON:
• Èske patnè ou / moun kap bay swen fè w santi w pè oswa amba kontwòl?
• Kisa ki pase lè nou pa dakò avèk youn lòt?
• Eske li desann, menase oswa fè ou mal?
Konprann ke viktim ka sèvi ak alkòl, medikaman oswa eksperyanse depresyon. Swiv pou we si genyen yon istwa kote ke ligen tandans fe”aksidan tre souvan, sa se yon siy, oubyen si patnè li tre atantif pou eseye reponn a kesyon ou poze zanmi/fanmiy ou a, oswa li intimide’l epi kritike li.
KISA OU KA FÈ POU EDE?
• Rele 239.775.1101 24 èdtan pa jou pou sipò konfidansyèl (TTY 239.775.4265; Deyò Collier County rele liy dirèk vyolans domestik Florid la nan 1.800.500.1119; TTY 1.800.621.4202).
• Pa blame viktim lan – gen anpil rezon ki fè li rete nan sitiyasyon sa.
• Sigjere li diskite yon plan sekirite ak ekspè nanShèltè a: 239.775.1101.
• Di li ou pè pou li, pou pitit li yo ak / oswa bèt domestik li yo; aprann timoun yo kijan pou yo rele 911.
• Kite l kenbe kle de rezèv nan yon valiz lakay ou oswa biwo w.
• Toujou la pou li lè li bezwen ou. Pèmèt li pou pran desizyon pou tèt li epi respekte chwa li yo.
• Ede li ak gadri, transpò, yon kote pou li rete, travay, prete’l lajan, men pa riske sekirite pwòp tèt ou!
• Ba li adrès entènèt sa: www.naplesshelter.org