NOTIS!

SI OU AP CHÈCHE ÈD
Pa gen okenn fason pou konplètman kache mouvman ou sou entènèt. Enfòmasyon sa a ka ede w kache trak ou sou entènèt nan yon nivo, men sèl fason pou pou ou asire se si ou sèvi ak diferan òdinatè, swa nan bibliyotèk lokal yo, Kafe entènèt, nan kay yon zanmi oswa nan travay ou. KLIKE la pou sòti sou SIT sa kounye a

Pa vle wè mesaj sa a ankò.

JWENN ÈD KOUNYE a
ABI PA JANM AKSEPTAB EPI SE PA JANM FÒT OU!
Ou ka reprann pouvwa ak kontwòl sou lavi ou …
Shèltè a la pou ede w nan vwayaj sa.
Kòmanse lè w rele liy kriz konfidansyèl 24 èdtan nou an jodi a nan
239.775.1101; TTY 239.775.4265
NAN KA IJANS:

  • Rele911- ale nanyon plaski san danje oswakay yon vwazin pourele lapolis(prantimoun yo akbèt kay yotou).
  • Rete lwenkwizin,garaj/nenpòtchanm ki gen’zam’ ak ti espas piti.
  • Silapolisvini,eksplikesa ki tefèt  la epi ekrinimewo badjofisyea aknon li.
  • Pran fototoutblesi akdomaj ou genyen.

PWOTEJE TÈT OU LAKAY:

  • Jwenn èd lè w rele 911 oswa liy konfidansyèl Shèltè a 24 sou 24 nan: 239.775.1101.
  • Toujou pote yon telefòn selilè ki gen chaj; tcheke numero ki rele w sou ekran telefòn ou epi konnen zòn ke telefòn ou ka pa gen sèvis. Kontakte nou pou yon telefòn selilè gratis ki pou ba ou aksè a 911 sèlman an ka ijans : 239.775.3862.
  • Chanje kadna nan pòt ou oswa enstale kadna nan fenèt ou yo.
  • Planifye yon wout ou ka pran pou chape soti nan kay la epi antrene timoun yo tou; gentan planifye ki kote ou prale lè ou chape (konsidere rezidans Beau Venturi ki se Shèltè a).
  • Fè vwazen ou rele lapolis lè yo wè abizè a nan kay la – devlope yon siyal pou alète yo ke ou an danje (pa egzamp limin limyè sou galri devan kay la, etc.).
  • Pran yon kou oto-defans ak pote yon bagay ki fè bwi oswa alam pèsonèl.
  • krim sou zanimo fe pati vyolans domestik tou. Pou plis enfòmasyon sou kijan ou kapab pwoteje bèt kay ou, tanpri ale nan sit entènèt Human Society https://www.hsus.org/.
    PWOTEJE TÈT OU DEYÒ LAKAY OU:
    Chanje wout pou ale nan travay, lekòl, magazen oswa si ou konn pran transpotasyon ak lòt moun; chanje maket kote ou abitye achte ansanm ak bank.
    Anile kont labank nou te genyen ansanm ni kat kredi; louvri nouvo kont sou  non ou sèlman nan yon bank diferan.
    • Kenbe lòd tribinal la ak nimewo ijans yo avèk ou tout kote ou ye!
    • Si ou gen pou vwayaje nan yon lòt eta, pran Enjonksyon pou pwoteksyon an avèk ou – li valab toupatou nan peyi Etazini.
    • Toujou kimbe yon bagay kap fè bwi avèk ou oswa yon flit piman.

RETE AN SEKIRITE NAN TRAVAY OU:
• Kenbe yon kopi lòd tribinal la nan travay ou.
• Bay / montre sipèvizè / gad sekirite, resèpsyonist ak zanmi yo yon foto abizè a. Mande resèpsyonist  oswa lòt moun ki responsab pou yo verifye apèl telefonik ou yo.
• Pake machin ou nan yon espas byen pre pòt antre travay la epi ki pa fèmen; mande sekirite oswa yon kolèg travay ou pou akonpaye ou nan mache ou oswa otobis, pandan manje midi oubyen lè ou fini travay.
• Mete sou kote tout mesaj ak Imèl soti de abizè a.
AKSYON POU KONSIDERE:

  • Rele 911 nan ka ijans epi fè rapò vyolans la
  • Mande pou yon Enjonksyon pou pwoteksyon pou kenbe abizè a lwen de ou – Avoka nou yo kapab ede ou: 239.775.1101.
  • Fè pèsonèl medikal yo dokimante blesi yo ak kòz blesi yo.
    • Rele liy kriz konfidansyèl Shèltè a 24 è sou 24 nan: 239.775.1101.
    • Kenbe yon jounal ak foto frakti yo (kenbe yo nan yon plas kote abizè a pa pral jwenn yo).