Sòti sou sit sa kounye a
KENBE VALIZ / BWAT / MALLÈT SA NAN YON KOTE KI SEKIRIZE LWEN DE KAY LA (NAN TRAVAY OU OSWA KAY YON ZANMI).
Mete dokiman orijinal’ ou yo nan valiz la eksepte pou bagay ou ka pote avèk ou oswa bagay ou pa ka pran san abizè a pa remake. Pa sèvi ak machin ou oswa valiz de toulejou ou..
• Idantifikasyon pou ou ak pitit ou: lisans chofè, batistè, Sosyal Sekirite oswa kat Rezidans ou.
• Ekstra Kle: machin, kay, depo, biznis, elatriye
• Kanè chèk, ATM kat, kat kredi, kanè bank, elatriye
• Liv adrès ak nimewo telefòn
• koupon pou manje, kat Medicaid, kat asirans, elatriye
• Machin imatrikilasyon; machin, papye asirans sante ak asirans de vi
• Papye lekòl ak dosye medikal
• Dokiman divòs, gadyen timoun (yo) oswa enjonksyon
• Prèv revni patnè ou (yon kopi souch chèk li)
• Kat telefonik (apèl yo kapab trase epi telefòn selilè yo gen GPS nan yo)
• Kopi bòdwo ou dwe ak patnè
• Ekstra rad pou fe chanjman
• Medikaman ak preskripsyon pou ou, pitit ou (yo) ak bèt kay la (pote ekstra)
• Pwodui pou ijyèn pèsonèl (bwòs dan, tanpon, deyodoran, elatriye);
• Bagay konfò pou Timoun yo – jwèt, lenn
• Foto, bijou, souveni
• Enfòmasyon pèsonèl Abizè a (dat nesans, nimewo Sekirite Sosyal, enfòmasyon pèmi pou travay, kote li travay, dekri mak machin ak plak machin li)
• Foto fanmi lan ki gen bizè a ladan
• Kontra Lwaye oswa papye kay la
Jwenn Èd Koulye a,